Grace Haitian Alliance Church.Org

Akey

   Mèsi ou vizite paj nou! Bonjou byen cho nan non Sovè ak Senyè nou, Jezikri. Nou espere paj wèb nou yo va sèvi w, epi w a pran desizyon pou w mete tèt ak nou pou Wayòm Bondye ka vanse, epi pou Bondye ka toujou jwenn laglwa.

Men rezon nou la a. Nou vle bay enfòmasyon, fòmasyon, ankadreman epi prezante defi devan tout moun pou yo anwole yo nan lame Kris la epi/oubyen pou yo vini konbatan ki pi solid nan lame Kris la. Nou la pou nou priye ak ou, priye pou ou, koute kesyon w yo epi abòde tout sijè ki enterese w.

 Chache dekouvri tout sa nou ofri; kite Sentespri Bondye ranpli w nèt pandan w ap chache sa, epi gade jan benediksyon Bondye ap vide sou ou. Se pou Bondye ba ou kè poze, jwa ak repo. Toujou enterese naje sou paj nou yo. Se Pou Bondye beni w! Si ou vle vini patisipe nan youn nan sèvis nou you, fè yon ti gade Kalandriye nou an.

                    Vesyon Franse